Zafèm fè melomàn yo kontan ak videyo mizik «Lalin ak Solèy» la

Guy Valovsky MATHIEU

Gwoup mizikal Zafèm kontinye fè pale de li nan milye kiltirèl ayisyen an aprè li fin sòti videyo klip «Lalin ak Solèy» la, vandredi 21 jen 2024 la. Nan videyo sa a, fòmasyon mizikal Dener Ceïde ak Réginald Cangé a fè fanatik yo plezi paske yo deside vann sa ki nan tradisyon peyi a.

Zafèm chwazi gate fanatik li yo. Prèske 14 mwa aprè yo fin sòti premye albòm yo ki gen pou tit «Lalin ak Solèy», gwoup la toujou jwenn yon fason pou kenbe atansyon piblik la. Lè se pa yon dans se yon gwouv, lè se pa yon gwouv se yon eslogan. Fwa sa a se ak yon videyo Abias Laguerre reyalize ak konpayi pwodisyon li, Lux Media. Nan videyo sa a, gwoup konpa ane 2023 a retounen nan tradisyon peyi a pandan y ap montre kèk pratik ki te egziste oubyen ki toujou egziste nan zòn pwovens peyi a tankou : tire manchèt, lave bò rivyè, fimen nan pip, dans fòlklò, jwèt tradisyonèl, eks. Yo deside montre piblik la fason zanzèt nou yo te konn viv atravè nouvo zèv vizyèl yo a.

Pou rete nan menm lide sa  a ki pwòp ak kilti peyi a, bann mizikal Dener Ceïde ap mennen an pa mete rad ki gen rapò ak loksidan nan videyo a. Yo pa vann anyen ki gen rapò ak peyi etranje. Yo adopte menm abitid vestimantè gran paran nou yo. Fanm ki jwe wòl aktris nan videyo a pa ni sanble ni abiye ak sa lòt peyi vann pou bote. Yo pito montre nou fanm ki sanble ak sa literati peyi a bay valè kòm bote kreyòl : bèl marabou nou yo.

Nan videyo a, prezans lejann vivan Yole Desrose ki chita nan yon lakou ak yon pip nan men li k ap suiv yon aktivite dans fòlklò fè moun k ap kòmante yo montre yo plis kontan toujou.

Gen moun ki rive pi lwen pou di se pa yon senp videyo, men se pito yon mesaj filozofik, istorik ak sosyolojik k ap pase. Videyo a mete aksan sou lespri viv ansanm, konbit ak pataj ki te gen kay peyizan nou yo nan tan pase.

Ak videyo sa a, Zafèm kontinye montre li pa sèlman ap fè mizik, men li vle valorize tout sa ki gen rapò ak eritaj kiltirèl peyi a. Youn nan rezon ki fè yo jwenn apresyasyon anpil kategori moun nan sosyete a.

Klip «Lalin ak Solèy» pa sèl klip ki fèt nan mizik ayisyen an dènye ane sa yo, li apwofondi travay ki fèt nan kèk zèv vizyèl tankou nan mizik ki gen tit «Egziste» gwoup Harmonik, «Kwaze le 8» gwoup Zatrap, «Pwodiksyon nasyonal» gwoup Rap n Family ak kèk lòt.

Zafèm kontinye fè sa ki nouvo. Piblik la kontinye kontan. Fanatik yo ap tann lòt sa k ap vini.

Description de l'image