Yon soumaren nikleyè Larisi ap rive Kiba semèn pwochèn

KF : AFP (vya Sud-Ouest)

Kat bato lagè Peyi Larisi, pami yo yon soumaren nikleyè dwe rive nan pò Lahavàn nan ant 12 a 17 jen k ap vini an pou yon vizit ofisyèl, daprè sa Fòs Lame Revolisyonè Kiba yo anonse.

Gwoup naval sa a ki nan Atlantik la pou kounye a dwe pase pa twò lwen Mayami devan kot Laflorid  ak achipèl Bahamas yo. Lamarin Amerikèn ap siveye bato sa yo men yo pa twò enkyete pase sa.

Pou montre gwoup naval sa a k ap vini Kiba a pa reprezante yon danje, Kiben yo pran swen pou yo presize pa gen okenn nan bato yo k ap transpòte zam nikleyè, kidonk ti tan y ap fè lakay yo a pa reprezante yon menas pou rejyon an. Yo deklare : « Vizit sa a rantre nan kad relasyon istorik ant Kiba ak Larisi epi l ap respekte règ entènasyonal yo kòrèkteman.

Anons vizit sa a fèt 2 jou apre Vladimir Poutine te fin lanse yon pinga bay Loksidan kote li te fè konprann Larisi ta kapab bay lòt peyi ki ta gen entansyon atake Loksidan zam si Loksidan li menm otorize Ikrèn pou li tire sou Larisi ak gwo zam Loksidan yo nan kad lagè Ikrèn – Larisi a. Men li te fè konnen Larisi pa gen entansyon fè pote boure sou lòt peyi epi li p ap atake OTAN.

Yon responsab lamarin amerikèn deklare yo pa gen pwoblèm ak deplwaman bato Larisi yo ki pa reprezante okenn menas pou Etazini.

N ap raple an 1962, lemonn te pase tou pre yon katastwòf nikleyè lè Etazini te dekouvri Larisi te enstale yon bann misil sou zile Kiba a. Lè sa a Etazini te mete yon blokis militè sou zile a pou bato Larisi yo pa t pase. Men 27 oktòb 1962, alòske lamarin amerikèn te bare yon destwayè Larisi ki t ap transpòte tòpiy nikleyè, se bon Bondye ki fè lè sa a yon ofisye Larisi, Vassily Arkhipov, pa te dakò tire ak zam nikleyè sa yo sou bato ameriken an. Kòmandan soumaren nan flòt Larisi a lè sa a te deside tire, men Bondye fè se Arkhipov ki te ofisye siperyè epi li te di non. Si se pa te sa, monn n ap viv jounen jodi a te ka byen diferan.

Description de l'image