Sendika Lapolis la (SPNH-17) anonse li nan lapèn akoz lanmò polisye vanyan Ralph Isaac, 27èm pwomosyon, ki rive mouri jou 24 oktòb 2024 la anba bal bandi nan goumen kont gang nan kapital la.
SPNH-17 pwofite mande Direktè Jeneral Lapolis la, Mesye Rameau Normil, pou li planifye operasyon nan baz bandi yo, sa ki se sèl solisyon pou fini ak koze gang nan peyi a, daprè SPNH-17.
Selon enfòmasyon k ap sikile, ta genyen 2 sivil ki ta tonbe tou nan menm okazyon an, ak plizyè lòt ki ta blese. Se nan kad batay kont gang ame yo ki vle pran kontwòl katye Solino wè pa wè polisye Ralph Isaac ak sivil sa yo rive pèdi lavi yo.
N ap raple nan moman sa yo, patikilyèman depi wikenn pase a, gang ame yo pase yon vitès siperyè nan atak yo sou popilasyon sivil la nan zòn metwopolitèn nan, espesyalman nan katye Solino. Lapolis ap eseye fè sa li kapab men pa ko gen yon repons reyèl ki jwenn kont ensekirite jeneralize gang sa yo enpoze sou peyi a.

