Polisye Harold Théodore tonbe anba bal bandi nan zòn ri Magloire Ambroise lendi 27 janvye 2027 pandan gang ame t ap simen latwoublay nan mitan popilasyon zòn sa a.
Nan yon nòt senpati ak endiyasyon, Sendika Lapolis Nasyonal d Ayiti a (SPNH-17) prezante kondoleyans li bay fanmi, zanmi, ak kòlèg polisye a ki tonbe anba bal pandan li t ap defann popilasyon an ak kouraj.
SPNH-17 tou lanse yon apèl bay otorite yo pou mande yo pran responsablite yo nan batay kont ensekirite a, pandan li deklare san veteran gèrye tankou Harold pa dwe koule pou granmesi pandan bandi ap kontinye simen laterè nan sant vil la.
Sendika a mande yon repons klè, estratejik, ak anpil angajman kont fenomèn ensekirite a, yon sitiyasyon ki menase tout peyi a.
