Yon polisye ki te gwòg louvri selil yon prizon an Zanbi epi libere 13 prezime kriminèl

Pwoblèm pou Lapolis nan peyi Zanbi akoz aksyon yon polisye ki te anba gwòg li nan okazyon reveyon nouvèl an 31 desanm 2024 la. Polisye sa a mache louvri tout selil nan yon prizon youn pa youn epi li di prizonye yo yo lib, yo mèt ale.

Polisye a ki te anba kontwòl tafya li te sezi kle yo nan men yon kòlèg li epi li mache louvri ni selil gason ni selil fanm, epi li òdone prizonye yo pou yo ale epi li di yo yo merite al fete nouvèl ane a lakay yo, daprè sa Lapolis anonse.

An tou sou 15 prizonye, 13 ladan yo ki te wè chans sa a twò bèl, yo mande pye yo sa yo te manje yo pa t ba li, yo tou mete van nan vwèl yo. Nan 13 prizoye ki sove yo, Lapolis fè konnen yo se sovadò prizon, genyen ladan yo ki gen akizasyon krim grav sou do yo, paske yo nan lari a, se yon danje pou sosyete a.

Kanta polisye ki louvri selil la ba yo ale a, yo tou mete men nan pat kasav li mete l yon kote pou l reflechi, pou l aprann bwè tafya respekte boutèy, menm lè li nan sezon fèt.

Description de l'image