Yon polisye Kenya tire sou yon jij devan yon tribinal

Jedi 13 jen, yon ofisye lapolis Kenya rale zam li li ouvè kout zam sou yon majistra devan yon tribinal nan Naywobi, kapital peyi Kenya.

Se majistra Monica Kivuti ki se Jij prensipal nan Makadara ki viktim nan, paske li te rann yon desizyon ofisye lapolis la pa te dakò avèk li. Jij la ki t ap trete ka madanm ofisye a te gen devan li te pran desizyon an kont li. Sa te fè ofisye a monstre jiskaske pou li wè se ak kout revòlvè pou li koresponn ak Jij la.

Bon chans pou Jij la, se nan hanch li pran bal la, li pa mouri. Yo gentan mennen li al pran swen lopital ansanm ak 3 lòt polisye ki blese tou nan okazyon an.

Kanta pou ofisye lapolis la li menm ki responsab atak sa a sou majistra a, lòt polisye ki te la yo te replike epi yo tou touye li tèt nwè. Ofisye ki mouri a apre li fin tire sou Jij la se Samson Kipchirchir Kipruto ki se responsab yon pòs polis nan Londyani nan Lwès Kenya.

Sa ki pase a fè Kenyan yo sezi anpil. Yo toujou akize lapolis Kenya nan zak vyolasyon dwa moun, egzekite moun dèyè do lajistis, men yo pa konn abitye wè kalite aksyon sa a pou yon ofisye antre nan yon tribinal li fizye yon msjistra, sèlman paske li pa kontan yon desizyon majistra a rann nan kad fonksyon li.

Description de l'image