Kidnapè yo pa chome malgre peyi d Ayiti anba menas move tan avèk tanpèt twopikal Mélissa ki kòmanse lakoz anpil dega. Se konsa yon Pè katolik ak 3 kolaboratè li rive viktim zak kidnapin nan Dèlma jedi 23 oktòb 2025 la.
Kidnapè yo rive anlve Pè Jean Julien Ladouceur, ki se kire nan pawas Sent Klè nan Ti Plas Kazo, ansanm ak 3 kolaboratè li ki se Serfise Guillaume Charlot, Johanne Marcellus ak Pierre Andy Joseph.
Zak kidnapin sa a ki rive fèt gran lajounen lage gwo tèt chaje pami kretyen katolik yo k ap reklame liberasyon Pè a ak kolaboratè li yo.
Dènye tan sa yo, yo siyale plizyè zak ensekirite tankou kidnapin nan zòn Dèlma 31 ak Dèlma 33, sa ki ta dwe pousse otorite Lapolis ak lajistis yo louvri je yo pou malveyan pa vin transfòme Dèlma an zòn ki anba kontwòl gang.

