Yon nwèl tèt bòbèch pa bò lakay

Fyète Kreyòl Enfo Tag
Richneider Velny

Nwèl rive men nou pa kontan
E nou pa konnen pou konbyen tan
Fènwa ap kontinye taye banda
Nan lespri nou
Nèg ak zam tèt frèt
Anyen pa fè yo pè
Poutan nan tout Pòtoprens
Y ap fè moun pè
Simen laperèz ak dlo nan je
Fè nwèl nou santi mwezi

Nwèl se moman lapè ak lanmou
Men pa bò lakay se bal k ap fè nou filalang
Se kay k ap boule
Se moun k ap kouri,
Menm timoun pa gen dòmi nan je
Malveyan menm ap sable chanpay

Yo ta vle pran nou nan fent
Men se detwi y ap detwi
Se sèl sa yo ka fè
Yo pa konn renmen
Yo pa konn viv
Yo pa ka ini
Yo pa gen limyè
Lè bèt fewòs yo lage
Kilès k ap pote nou sekou
Ki kote nou ka kache

Malgre tout bagay sa yo
Nwèl raple nou lavi se yon batay ki pa janm kanpe
Si nou vle yon demen
Kote nou tout ka mache
San pè san kache
Tankou moun ki gen libète
Ki gen lespwa ak diyite

Nwèl se pa yon istwa
N ap rakonte
Nwèl se yon limyè
K ap klere chak desizyon nou
Nwèl se pa yon rèv je klè
Nwèl se yon reyalite
Pou moun ki gen lafwa
Demen ka pi bèl
Epi k ap travay pou sa

Si nwèl nou grizon
Li lè pou nou vire je gade solèy
Pou nou chache limyè
Pou nou konprann
Nan kè nou chak chanjman ka boujonnen
Pou nou tout jwenn lanmou
Nan tèt ansanm
Nwèl se lanmou
Li lè pou nou youn renmen lòt
Si nou vle lavi souri ban nou

Richneider VELNY

Description de l'image