Yon moso KEP kolboso manke moso prete sèman

KF: Laprezidans

Yon moso Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) kolboso manke moso prete sèman nan kad yon seremoni ki òganize nan Lekòl Majistrati jou vandredi 18 oktòb 2024 la.

Plizyè pèsonalite te asiste seremoni prestasyon sèman sa a, tankou Mesye Leslie Voltaire, Prezidan Konsèy Tranzisyon an ki te genyen ak li 5 lòt Manm Konsèy la, Premye Minis Garry Conille, Minis Jistis ak Sekirite Piblik la, Mèt Carlos Hercule, Kòmandan an Chèf Fòs Lame d Ayiti a, Lyetnan Jeneral Derby Guerrier, ansanm ak lòt pèsonalite politik ankò.

Seremoni an ki te prevwa pou kòmanse a 11 zè AM te vin kòmanse jis 1 è PM akoz kèk manm nan moso KEP a te gen pwoblèm pyès idantite. 3 ladan yo pa te gen kat idantifikasyon nasyonal men Jij Kou Kasasyon yo te dakò yo te kapab bay lòt pyès.

Kanta pou Madam Marie Florence Mathieu ki se Reprezantant Konsèy Inivèsitè a nan KEP a, li pa te gen okenn pyès menm. Yo te oblije rele temwen pou mande si yo konn Madam nan, kote li rete, kisa li konn fè, pou yo te ka kite li prete sèman.

7 Manm sa yo ki fòme moso KEP a se :

Madam Schnaida Adely, Reprezantant Kominote Vodou, Mesye Patrick Saint-Hilaire, Reprezantan Konferans Episkopal Ayiti, Mesye Peterson Pierre-Louis, Reprezantan Kil Refòme, Madam Marie Florence Mathieu, Reprezantant Konsèy Inivèsitè, Mesye Jacques Desrosiers, Reprezantan Asosyasyon Jounalis yo,  Mesye Jaccéus Joseph, Reprezantan Asosyasyon Peyizan yo,
Mesye Nemrod Sanon, Reprezantan Sendika yo.

Moso ki manke yo ki ta dwe vin plake sou moso ki deja prete sèman an se Reorezantant Asosyasyon Defans Dwa Fanm yo ak Reprezantan Òganis Defans Dwa Moun yo.

Description de l'image