Yon mesaj lespwa pou 2025 : Bondye ap delivre peyi nou e nou va fè louwanj li

Nan okazyon fendane sa a, Fyète Kreyòl Enfo ap envite lektè li yo, sitou sa yo ki gen lafwa nan Bondye, apresye yon mesaj pastè Sainfort Dorsainvil te preche nan dat 7 septanm 2024 ki se yon mesaj lespwa pou pèp Bondye a. Menm si kontèks la chanje men mesaj la rete vivan devan sitiyasyon kote tout moun pa gen okenn sètitid sou kijan demen va ye nan peyi d Ayiti. Nan pòt ane 2025 sa a, Pastè Dorsainvil envite nou fè Bondye konfyans, fè louwanj li, paske l ap aji pou nou.

Pastè Sainfort Dorsainvil

Frè m ak sè m yo nan Senyè a, fidèl Premye Legliz Batis Pòtoprens, mwen di Bondye mèsi pou opòtinite li ban mwen pou m pale pou li.

Bondye n ap sèvi a se yon Bondye ki gen konpasyon ak mizerkòb, ki gen zòrèy ki kapab tande, ki gen je ki kapab wè, ki gen bouch ki kapab pale, ki gen men ki kapab touche, se yon Bondye entèlijan ki tande priyè nou yo, avan lontan l ap delivre peyi nou, epi nou va fè louwanj li, nou va di li mèsi pou sa.

Pasaj nou pral kondidere aswè a se Sòm 147 vèsè 3 ki di konsa :

L ap bay moun ki nan gwo lapenn yo kouraj ! L ap geri moun ki blese yo !

An nou bliye tout sa ki te pase pou nou ka louwe Bondye. Sa ki fè Bondye plezi plis, se lè nou ofri li yon adorasyon ki sensè ak lè nou fè li konfyans tout bon vre pou gerizon li bay aflije yo. Poukisa nou dwe louwe Bondye ? Nan pasaj nou li a, nou jwenn pou pi piti 3 rezon ki fè nou dwe louwe Bondye.

Premye rezon an se paske li geri moun ki gen kè yo brize. Kè brize se yon metafò nou jwenn anpil. Yo sèvi ak li pou dekri soufrans sikolojik nou santi lè nou pèdi yon moun ki chè pou nou, kit se nan ka yon lanmò, yon maryaj ki kraze, yon separasyon, yon trayizon oubyen yon lanmou ki pa pataje.

Bondye pwomèt pou li fè dlo sispann koule nan je nou, pou li fini ak lanmò, ak chagren, ak doulè k ap sakaje nou, ki fè nou pa janm gen kè kontan, ki fè nou pa ka chante pou nou bay Bondye glwa.

Nan Revelasyon chapit 20 vèsè 4, Jan ekri pawòl sa yo :

Li genyen pou l seche dlo nan je yo, p ap gen lanmò ankò, yo p ap nan lapenn ankò, yo p ap janm plenyen ankò, yo p ap janm soufri ankò, tout vye bagay sa yo pral disparèt.

Lè sa nou te swete nan lavi a pa rive fèt, sa rann kè a malad, fèb e frajil. Men lè nou jwenn sa nou te vle, lè dezi nou yo satisfè, nou tankou yon pyebwa ki byen fre. Bondye pral panse blese nou yo. L ap fini ak chagren nou yo, ak gwo tristès nou yo.

Si ou santi ou sèl, tande sa li di nan Ezayi chapit 41 vèsè 10 :

Nou pa bezwen pè, mwen la avèk nou !

Si ou chaje desepsyon, Pòl di Women yo nan Women chapit 10 vèsè 11 :

Nenpòt moun ki mete konfyans yo man li, yo p ap janm soti wont !

Si ou santi ou abandone, Sòm 27 vèsè 10 di :

Papa m ak manman m te mèt abandone m, Senyè a va ranmase m !

Si ou santi ou gen krent, enkyetid, ou kapab kopye sa David di nan Sòm 56 vèsè 4 :

Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen, Bondye ki anwo nan syèl la !

Bagay ki pou brize kè nou yo anpil. Bandi mete ou deyò lakay ou, yo piye tout sa ki ladan li, yo pike dife ladan li, yo mete ou nan lari ak tout fanmi ou. Se yon bagay ki pa ka pa brize kè ou. Ou pèdi travay ou akoz ensekirite, ou de bra balanse epi katye ou rete a se konsè bri bal tout lajounen tout lannuit, ou panike, kè w ap sote e ou pa gen kote pou ou ale. Kè ou pa ka pa brize ! Legliz ou fèmen ou pa ka al adore Bondye jan ou te konn fè sa. Fason otorite yo ap dirije peyi a fè ou wè demen pitit ou pa asire. Ou pèdi tout espwa. Tout sa brize kè ou !

Men, kèlkeswa nivo desepsyon ak fristrasyon ou, chagren an p ap dire pou tout tan. Nan Sòm 30 vèsè 5 nou li :

Lannuit nou kriye, kou l jou kè nou kontan !

Bondye pral geri chagren nou yo, li pral panse blese nou yo. Se poutèt sa mwen vle di ou fè kè ou kontan. Bay Bondye glwa, fè louwanj li ni lè sa bon, ni lè sa pa bon.

An nou bliye tout sa ki te pase pou nou kapab louwe Bondye.

Dezyèm rezon ki fè nou dwe louwe Bondye, se paske Bondye renmen moun ki gen krentif pou li. Sòm 147 vèsè 11 di nou :

Moun ki fè kè l kontan, se moun ki gen krent pou li, se moun ki mete tout espwa yo nan li paske yo konnen li renmen yo.

Nou dwe louwe Bondye pou jan li gran, pou mèvèy kreyasyon an, pou tout sa li ban nou. An nou sispann plenyen pou sa nou te espere ki pa ko rive. An nou sispann di nou pa gen chans lè nou wè afè lòt moun ap mache.

Kèlkeswa jan sa ye, pa kite anyen fè nou pa louwe Bondye. N a sezi wè se pandan n ap louwe, pandan n ap adore, chenn ap kase, pòt ap louvri, mirak ap opere, maladi ap geri, sèkèy ap kraze, paske pandan n ap louwe, Bondye ap aji.

Nan Women chapit 8 vèsè 31, Pòl di :

Si Bondye pou nou, kilès ki ka kont nou ?

Epi nan menm chapit la nan vèsè 1, li di :

Kounye a, pa gen okenn kondanasyon pou moun ki fè yon sèl kò ak Jezikri.

Bondye konn leve defi ! Ou pa bezwen gen krent ni pè, Bondye ap aji pou ou.

Nan Ezayi chapit 41 vèsè 10 la, li di :

Nou pa bezwen pè, mwen la avèk nou. Nou pa bezwen kite anyen ban nou kè sote. Se mwen menm ki Bondye nou. M ap ban nou fòs, m ap ede nou, m ap soutni nou ak fòs ponyèt mwen ki pa janm pèdi batay.

Men sa li di ankò nan Ezayi chapit 43 vèsè 18 ak 19 :

Pa chita ap sonje tan lontan, pa rete ap kalkile sa ki fin pase. Men m ap fè yon lòt bagay pou nou. Li kòmanse rive deja. Nou pa wè li ? Mwen pral fè yon wout nan mitan dezè a, mwen pral fè gwo dlo koule nan savann nan.

Bondye renmen moun ki gen krentif pou li. Lè ou gen krent pou Bondye, gen bagay ou pa ka fè. Bondye li menm ap pran swen ou pou montre jan li renmen ou.

Anfen twazyèm rezon nou genyen pou nou louwe Bondye se paske li bay lòd li pou sa daprè Sòm 147 vèsè 15 ki di konsa :

Li pase yon lòd e lòd la kouri byen vit sou latè.

Lòd sa a vle di enstriksyon, direksyon, kòmandman. Bondye pase lòd li epi tout kreyasyon an dwe obeyi li.

An nou bliye tout sa ki te pase pou nou kapab louwe Bondye paske li geri moun ki gen kè brize, li renmen moun ki gen krentif pou li epi li pase lòd li pou tout moun obeyi li.

Louwe Bondye paske nou te kreye pou bay Bondye louwanj. Louwe Bondye pou sa li ye, pou grandè li, pou puisans li, louwe li pou jistis li, pou sa li fè nan lavi nou. Lè n ap louwe Bondye, pòt prizon yo kapab louvri menm jan sa te fèt pou Pòl ak Silas.

Bondye pral delivre nou. Li pral delivre peyi nou. Nou menm, n ap fè louwanj pou li.

Description de l'image