A 39 an, Cristiano Ronaldo kontinye ap fè mèvèy sou tèren foutbòl yo. Pi wouye pi koupe, laj sanble pa yon pwoblèm pou lejann pòtigè a.
Se konsa ansyen atakan vedèt Reyal Madrid la make 2 gòl lendi swa pou li efase rekò kantite gòl yon jwè enskri nan yon sèl sezon nan Sawoudi Pwo Lig la. Li make 34èm ak 35èm gòl li nan sezon an kont Al Itiyad pou pèmèt ekip li Al Nasè bat dènye match la 4 – 2.
Cristiano Ronaldo tou efase rekò kantite gòl yon jwè enskri nan yon sèl sezon nan Sawoudi Pwo Lig la. Se jwè mawoken Abderrazak Hamdallah ki te etabli rekò gòl sa a nan sezon 2018 – 2019 la.
Malerezman pou Ronaldo, ekip li a pa chanpyon, men li fini 2èm nan chanpyona a ak 14 pwen dèyè Al Ilal.
Apre rekò sa a, ansyen jwè Jouvenntous, Mannchestè Younayted ak Reyal Madrid la ekri sou X : «Mwen p ap mache dèyè rekò, men se rekò yo k ap mache dèyè m.»
