Nan kad Misyon miltinasyonal yo di ki vin apiye sekirite an Ayiti a, 218 nouvo Kenyan debake nan Ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture samdi 18 janvye 2025 la.
Nan okazyon sa a, gwo gwo otorite peyi a ak gwo gwo manm kò diplomatik la te sou plas pou akeyi polisye etranje sa yo. Te genyen Manm Konsèy Tranzisyon an, Mesye Fritz Alphonse Jean, Premye Minis la, Mesye Alix Didier Fils-Aimé, Minis Jistis ak Sekirite piblik la, Mèt Patrick Pélissier, Sekretè Deta Sekirite piblik la, Kapitèn Mario Andrésol, Direktè Jeneral Lapolis Nasyonal d Ayiti a, Mesye Rameau Normil, Responsab Misyon miltinasyonal la, Jeneral Godfrey Otunge, Anbasadè ameriken an, Mesye Dennis B. Hankins, Anbasadè kanadyen an, Mesye André François Giroux, ak kèk lòt pèsonalite enpòtan ankò.
Mesye Fritz Alphonse Jean ki t ap pran lapawòl nan sikonstans la te fè konnen Leta pare pou fè lagè kont tout bandi ki anpeche peyi a avanse, pandan li remèsye fòs Kenya yo li di ki vin ede Ayiti nan yon moman difisil.
Bò kote pa li, Premye minis Alix Didier Fils-Aimé te felisite epi remèsye manm fòs Kenya yo. Li fè konnen li konte sou yo pou yo pote lamenfòt bay Ayiti.

Kesyon ensekirite a rete yon kastèt chinwa pou otorite peyi yo ki pa rive pèmèt popilasyon an mennen lavi li nan lapè malgre pwomès ak bèl diskou. Depi premye kontenjan Kenyan yo te debake nan peyi a nan kad Misyon miltinasyonal la rive jounen jodi a, sitiyasyon ensekirite a vin pi grav avèk plis zòn ki vin sou kontwòl gang yo, plis masak ki fèt sou popilasyon an. Avèk nouvo gwoup polisye sa yo ki debake a, èske popilasyon kapab espere pral gen yon amelyorasyon ? Sa k a la k a wè l !
