De misyonè ameriken ansanm ak yon lòt sitwayen pèdi lavi yo jedi 23 me 2024 la nan aswè an Ayiti apre yon atak gang ame yo te sibi.
Davy ak Natalie Loyd se koup misyonè sa a gang yo krible ak bal ansanm ak Jude Montis ki se yon direktè nan menm misyon kote yo t ap travay la.
Ben Baker ki se papa Natalie di sou paj facebook li : «Kè m brize, li fè miyèt moso… Anpil nan nou konnen pitit fi m Natalie ak bofi m Davy Loyd se misyonè a tan plen an Ayiti. Gang te atake yo aswè a epi yo touye toulede.»
Ayiti ap viv yon moman nan istwa li li pa te janm konnen avan. Gang ame achte peyi a lajan kontan. Otorite yo menm k ap paweze nan lajan taks popilasyon an rete ap tann fòs militè etranje.
