Komite Pilotaj ak Konferans Nasyonal Mesye Enex Jean Charles ap dirije a remèt Konsèy Tranzisyon an Avan Pwojè Konstitisyon pou peyi d Ayiti nan dat 21 me 2025 la. Dokiman sa a, si li fè chemen li jouk pèp ayisyen an ta adopte li, osinon jouk yo rive kwoke li nan gòjèt pèp ayisyen an, li ta dwe vin ranplase Konstitisyon 1987 la yo bay pote tout fado san yo pa janm aplike li tout bon.
Yon Konstitisyon se pa zafè yon moun, ni yon ti gwoup moun. Se manman lwa peyi a ki trase wout pou di ki kalite peyi ak ki kzlite sistèm gouvènman nou chwazi, nan benefits tout pitit peyi a. Konsa, lojik la ta vle si yon gwoup moun ap travay pou ekri yon Konstitisyon pou pèp ayisyen, genyen de kesyon fondamental yo ta dwe poze. Toudabò yo ta dwe mande : Èske pèp ayisyen an bezwen konprann sa ki nan Konstitisyon an ? Ansuit yo ta dwe mande tou : Ki lang pèp ayisyen an pale ?
Dokiman Avan Pwojè Konstitisyon sa a reprann atik 5 Konstitisyon 1987 la ki rekonèt kreyòl se lang ki simante tout pèp ayisyen an ansanm. «Sèl lang ki simante tout Ayisyen nèt, se kreyòl la. Kreyòl ak franse se lang ofisyèl peyi d Ayiti. »(Tous les Haïtiens sont unis par une langue commune : le créole. Le créole et le français sont les langues officielles de la République).
Dokiman Avan Pwojè a reprann tou atik 40 Konstitisyon 1987 la ki tounen atik 43 nan chapit ki pale sou Dwa sou Enfòmasyon. «Leta fèt pou li pran radyo, jounal, televizyon pou esplike popilasyon an, an kreyòl ak an franse, tout lwa, tout arete, tout dekrè, tout akò entènasyonal, tout trete, tout konvansyon ki konsène lavi nasyon an. Sèl sa ki pa ladan li, se enfòmasyon ki kapab mete sekirite peyi a an danje.,» (Obligation est faite à l’État de donner publicité par voie de presse parlée, écrite et télévisée, en langues créole et française, aux lois, arrêtés, décrets, accords internationaux, traités, conventions, à tout ce qui touche à la vie nationale, exception faite pour les informations relevant de la sécurité nationale).
Si dokiman Avan Pwojè Konstitisyon an rekonèt, menm jan ak Konstitisyon 1987 la, sèl lang ki simante tout Ayisyen nèt se kreyòl la, poukisa dokiman sa a pa nan lang sa a ? An menm tan, si Leta pral pran laprès pou fè piblisite pou enfòme popilasyon an sou sa ki andedan dokiman an ki konsène lavi nasyonal la, poukisa li pa nan lang tout pèp ayisyen an pale a ? Èske yo pral bezwen tradui nan chak entèvansyon pou esplike popilasyon an kijan bagay la ye pou li ?

Osinon, èske se yon chwa pou mete majorite popilasyon ayisyèn nan ki pale kreyòl sèlman sou kote nan zafè peyi li ? Èske zafè Konstitisyon, zafè lalwa se zafè yon ti ponyen moun ki konn franse sèlman ? Èske majorite popilasyon an tou deyò depi nan chwa lang pou ekri Konstitisyon an ki se lang li pa ni pale ni konprann nan ? Osinon èske yon ti gwoup moun ki konn franse, malgre yo fè popilasyon an kwè se pou chanjman yo vle chanje Konstitisyon an, yo ta fè li kwè li se tèt kana, li pa ka monte tab, se sa yo ba li pou li pran osinon moun ki konn franse va konprann pou li epi yo va pale pou li lè sa ta nesesè ?
Yon Konstitisyon pou pèp ayisyen an pa ta kapab mete majorite pèp ayisyen an sou kote depi nan fè Konstitisyon sa a nan yon lang majorite popilasyon sa a pa ni konprann ni pale. Si se yon Konstitisyon pou pèp ayisyen an, li ta dwe fèt nan lang pèp ayisyen an pale a. Apre sa, sa pa ta ka anpeche yo tradui li nan nenpòt lòt lang yo vle. Men si li pa fèt nan lang pèp ayisyen an pale a, pèp ayisyen an tou dòmi deyò, li pa ladan li. Manje ap toujou separe sou do li san li pa menm konnen.

