Biwo Komimikasyon Primati a pibliye yon kominike nan dat 18 desanm 2024 kote yo enfòme tout moun sou desizyon ki soti nan Konsèy Minis ki te fèt menm jou mèkredi 18 desanm nan.
Pami desizyon sa yo genyen : mete kanpe yon Konsèy Nasyonal Sekirite, mete an plas eta dijans pou yon mwa soti 22 desanm 2024 pou 21 janvye 2025, detèmine jou nasyonal refleksyon ak sansibilizasyon sou pwoblèm politik, sekirite, anviwònman, kiltirèl, nominasyon ajan enterimè nan komin Pòtoprens, Petyonvil ak Taba.
An plis desizyon sa yo, kominike a fè konnen gen lòd klè ki bay pou yo mobilize tout mwayen pou fini ak ensekirite a.
Yon lòt kote, gouvènman an fè konnen pral gen yon Konsèy Minis ant Kolonbi ak Ayiti k ap fèt nan fen semèn sa a nan peyi Kolonbi, nan objektif pou fè pwomosyon echanj ant 2 peyi yo nan domèn touris, komès, sekirite, edikasyon ak imanitè.
Yon Konsèy Minis aletranje pou fasilite echanj ant 2 peyi. Ta sanble se pou rezoud pwoblèm Ayiti dirijan yo pa ka jwenn bon jan envansyon.
N ap siyale nan kad Konsèy Minis sa a, Konsèy Tranzisyon an te poste yon mesaj kote li te deklare yo ta pral diskite plizyè pwen enpòtan an favè popilasyon ayisyèn nan.
Malerezman, popilasyon ayisyèn nan pa bòy nan sòs pwa a menm.

