Yon Kenyan tonbe anba bal bandi nan Savyen

Yon ofisye kenyan ki fè pati Misyon miltinasyonal la tonbe anba bal bandi nan Savyen dimanch 23 fevriye 2025 la, nan kad yon operasyon tèt kole Lapolis Nasyonal d Ayiti ak Fòs Kenya yo t ap mennen.

Ofisye kenyan an rive pran bal nan operasyon sa a nan lokalite Segi nan Savyen, kote fòs lòd yo ap bouske wè si yo ta jwenn bout bandi yo.

Yo te kouri ak ofisye blese a pa mwayen elikoptè pou li al pran swen nan Lopital Nivo 2 nan Aspèn. Malerezman, li pa reziste anba blese li yo lè li rive Lopital la, daprè sa yon kominike misyon an presize.

Se premye ofisye kenyan ki tonbe nan kad Misyon miltinasyonal sa a yo di k ap apiye sekirite an Ayiti a ki sou tèren an depi mwa jen 2024.

Description de l'image