Yon kanaval gòl nan dezyèm jounen Ewo a

KF: Selección Española Masculina de Fútbol sou X

Atakan Ewopeyen yo sanble vin montre yo pa pote chòt yo pou bèl twal nan Ewo sa a. Apre 4 match ki jwe, 16 gòl gentan make, sa ki fè yon mwayèn 4 gòl pa match. Ayè vandredi 14 la nan match ouvèti Ewo a ant Almay ak Ekòs, te deja gen 6 gòl paske Almay te krabinen Ekòs 5 – 1. Jodi samdi 15 la, kanaval la te kontinye pou dezyèm jounen an.

Nan premye match jounen an ki t ap fèt a 9 è ant Ongri ak Suis, Suis yo pa te gen twòp difikilte pou yo te wonfle Ongri 3 – 1 gras ak K. Duah (12′), M. Asbischer (45′) et B. Embolo (90+3′). Pou Ongri, se B. Varga (66′) ki te redui eskò a.

Nan dezyèm match la ki t ap fèt a midi ant Espay ak Kwowasi, Espanyòl yo te san pitye pou Kwowat yo yo bay yon leson boul ki fini 3 – 0. Moun ki te make pou Espay se Á. Morata (29′), Fabian Ruiz (32′) ak D. Carvajal (45+2′).

Epi nan dènye match jounen an kote chanpyon an tit Italyen yo ta pral antre nan dans la devan Albani a 3 zè, depi nan premye minit, Albanè yo te voye yon bonm glo glase sou chanpyon an tit yo lè yo ouvè eskò a gras ak N. Bajrami. Men chanpyon rete chanpyon, yo ta pral make 2 gòl pou yo ranpòte laviktwa gras ak A. Bastoni (11′) ak N. Barella (16′).

Apre 2 joune sa yo, kijan sa ye nan gwoup A ak B? Almay ak Suis okipe 1e plas gwoup A a. Yo chak gen 3 pwen sou 3 epi Ekòs ak Ongri gen 0. Nan gwoup B a se Espay ak Itali ki domine ak 3 pwen sou 3 yo chak epi Kwowasi ak Albani gen 0.

Twazyèm joune a se demen dimanch 16 la kote gwoup C ak gwoup D pral monte tèren an pou montre sa yo gen nan djakout yo. Ap gen 3 match nan pwogram nan :  Polòy – Peyi Ba a 9 è, Esloveni – Dànmak a midi epi Sèbi – Angletè a 3 zè.

Description de l'image