Jodi madi 4 jen 2024 la, anpil imaj k ap sikile sou rezo sosyal yo montre yon kamyon gaz k ap boule nan Kafou Ayewopò, a kote pon anpil Ayisyen konn rele vyadik la.
Kamyon sa a ta sanble pran dife apre yon atak moun ak zam ki t ap chache detounen li.
Imaj yo montre tou ponpye ki te sou plas ki t ap eseye etenn dife a, ak anpil anpil machandiz ti machann yo ki gaye nan lari a.
Premye konsta yo ta montre anpil dega materyèl sitou pou aktivite biznis ki nan Kafou Ayewopò a, men pa ta gen moun mouri.
Sitiyasyon sa a te lakoz yon gwo blokis tou nan Délma 30 kote prèske tout machin t ap eseye pase pou evite zòn Kafou Ayewopò a.
Ayiti k ap fè fas ak yon sitiyasyon ensekirite jeneralize depi kèk tan sou wout pou li mete an plas yon nouvo gouvènman ki ta dwe pèmèt pèp la rale yon souf. Men anpil medya rapòte gen gwo dezakò ant Premye Minis Garry Conille ki pran fonksyon li yè lendi 3 jen an ak Manm Konsèy Tranzisyon an sou kijan gato a pral separe.
