Yon jwè Milan AC fè konnen li bay chen li pote non Messi

©Selección Argentina

Tijjani Reijnders ki se milye tèren ekip Milan AC an Itali ak ekip masyonal Peyi Ba a fè konnen li bay chen li pote non Messi, daprè sa yon atik Onze Mondial rapòte.

Se yon bagay ki ta ka choke fanatik ayisyen lejann ajanten an lè yo tande sa. Men relasyon yo devlope nan anpil peyi etranje ak bèt ki pi bon zanmi lòm nan diferan de relasyon anpil Ayisyen devlope avèk li.

Se pou rann ansyen vedèt FC Baselòn nan omaj, tèlman li renmen li, ki fè Tijjani Reijnders rele chen li a Messi. Li deklare Messi se pi gwo idòl li, menm si yo pa evolye nan menm pòs. Pou li, Messi se mèyè jwè nan lemonn. Li fè konnen li menm ak frè li yo te pran rezolisyon lè yo ta gen yon chen pou yo rele li Messi. Kòm li pa gen lontan li te adopte yon Pomsky, li tou rele li Messi.

Li fè konnen tou Iniesta li te konn ap gade depi li piti te enspire li anpil. Apre sa li te vin renmen Kevin De Bruyne. Men pou moun li jwe avèk yo, Pedri te etone li anpil lè li te afwonte FC Baselòn nan match zanmitay.

Description de l'image