Yon gwoup polisye kenyan ki te pran devan kite Ayiti

KF: Africa Defense Forum

Yon gwoup polisye kenyan ki te pran devan nan kad deplwaman fòs lame ak polis etranje yo sou tè Papa Dessalines nan retounen nan peyi yo akoz reta ki genyen pou fòs etranje sa yo deplwaye.

Selon sa Associated Press rapòte, gwoup polisye sa a ta dwe rantre nan peyi yo lendi apre yo fin rekòmande pou repòte deplwaman fòs yo.

Yon gwo responsab kenyan ki pa te dakò yo site non li paske li pa pòtpawòl ofisyèl fè konnen baz yo toujou an konstriksyon epi gen resous enpòtan tankou machin ki dwe disponib avan pou yo ta deplwaye premye 200 polisye kenyan yo.

Deplwaman fòs etranje yo te dwe kòmanse semèn sa a men Prezidan William Ruto deklare l ap gen yon reta twa semèn.

Gwo responsab ki te pale a fè konnen baz kote fòs etranje yo pral opere a konstwi sèlman a 70% epi fòk genyen depo ki si pou yo mete zam ak minisyon yo.

Responsab yo te rive an Ayiti madi, yo te rankontre Polis Nasyonal Ayiti a jedi epi Konsèy Tranzisyon an vandredi.

Ayiti ap konnen nan dènye tan sa yo yon kriz sekirite ak imanitè li pa te janm konnen avan kote se gang ak zam ki fè lalwa tout kote nan peyi a. Otorite yo menm pa wè ki pi bon bagay pou yo ta fè pase remèt desten yo sou kont fòs lame ak polis etranje pou vin okipe tè Dessalines nan.

Description de l'image