Ministè Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm, (MKFDF) fè konnen li gen gwo tèt chaje akoz lanmò trajik Madam Berline Jeudi, yon fanm ansent 6 mwa ki boule tou vivan nan Kay Jakmèl, nan lokalite Timouyaj, nan lannuit 26 pou louvri 27 oktòb 2025 la.
Ministè k ap defann dwa fanm yo fè konnen se ak anpil kè sere, tristès ak endiyasyon li aprann lanmò atwòs Madam Berline Jeudi ki te ansent 6 mwa epi ki boule tou vivan nan lokalite Timouyaj, seksyon kominal Gaya nan komin Kay Jakmèl, zak ki rive pwodui nan sikonstans yon kalite vyolans yo pa ka kalifye.
MKFDF fè konnen li deplore zak babari sa a ak tout fòs li, yon zak ki montre yon lòt fwa ankò kalite vyolans ak mepri k ap egzèse kont fanm ak ti fi nan sosyete nou an.
Ministè a di li esprime tout senpati li ak solidarite li bay fanmi Madam Jeudi, pwòch li yo epi tout kominote Kay Jakmèl la dram sa a frape fò anpil.
Ministè Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm mande otorite lapolis ak lajistis ki konpetan yo pou yo demele yo kou mèt Jan Jak pou moun ki lòtè krim sa a ak tout konplis yo kapab arete epi trennen devan lajistis pi vit ke levan.
MKFDF deklare zak repiyans sa a vin raple nou jan li ijan pou pou nou ranfòse prevansyon, pwoteksyon ak pinisyon zak vyolans y ap fè sou fanm ak ti fi, pou okenn fanm pa janm pèdi lavi li nan kondisyon konsa ankò.
Anfen, Ministè Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm reyafime angajman li pou li pousuiv, bò kote enstitisyon patnè li yo ak òganizasyon alye li yo, lit kont tout fòm vyolans y ap fè sou fanm ak ti fi, pandan l ap batay pou yon sosyete ki gen plis jistis, kote tout moun gen menm dwa, yon sosyete ki respekte diyite moun.

