Yon elikoptè kraze avèk Prezidan Iran an

Prez. Ebrahim Raïssi, KF: Ed Jones/AFP

Plizyè gwo medya entènasyonal rapòte genyen yon elikoptè ki t ap transpòte Prezidan Iran an, Ebrahim Raïssi, ki kraze nan zòn pwovens oksidantal nan Ayzèbadjan oryantal. Anviwon 12 è apre aksidan an, yo pa gen okenn nouvèl ni sou elikoptè a ni sou Prezidan an.

Aparèy sa a ki kraze a te nan yon konvwa 3 elikoptè ki t ap transpòte delegasyon prezidansyèl la. 2 lòt yo te ateri san pwoblèm nan vil Tabriz, yon gwo vil nan Nòdwès peyi a kote Prezidan an ta pral tou rantre nan Teheran, kapital la.

Peyi vwazen nan zòn nan mobilize epi yo ofri èd yo pou rechèch yo ki trè difisil akoz kondisyon meteyo a.

Annatandan, Gid siprèm iranyen an, Ayatola Alli Khamenei mande pèp la pou li pa enkyete, pa gen twoub pou peyi a, pandan li di li espere Bondye ap mennen Prezidan an ak moun ki avèk li yo tounen bay nasyon an.

Description de l'image