Ansyen Minis Planifikasyon ak Koperasyon Extèn epi Minis Komès ak Endistri sou Prezidan Martelly, Jude Hervé Day vwayaje pou lòt monn nan jou madi 4 me 2024 la.
Pou kounye a, pa genyen detay sou sa ki ta lakoz Minis la pa avèk nou ankò nan monn sa a.
Ansyen Prezidan Joseph Michel Martelly, aktyèl Minis Komès ak Endistri a, Rikardin Saint Jean, ak kèk ansyen kolaboratè Mesye Day nan Ministè Planifikasyon ak Koperasyon Ekstèn di se avèk anpil lapèn yo aprann nouvèl la epi yo prezante senpati yo bay fanmi ansyen Minis la.
Yo di lanmò Enjenyè Jude Hervé Day se yon gwo gwo pèt li teprezante, pandan yo prezante li kòm yon patriyòt ki te byen sèvi peyi li.
