Doktè Marc Gérard Germain, yon ansyen manm Federasyon Ayisèn Foutbòl ki te yon pwòch Èglenwa sou Bèlè tou, yon ansyen pwofesè Fakilte Medsin ki te konsakre yon bon pati nan lavi li pou sèvi espò a fè dènye vwayaj la, daprè sa Federasyon Ayisyèn Foutbòl anonse dimanch 23 jen 2024.
Doktè Germain te Minis Jenès ak Espò epi Minis Sante sou gouvènman Jean Claude Duvalier nan kòmansman ane 80 yo.
Nan okazyon sa a, Federasyon Ayisyèn Foutbòl prezante sensè kondoleyans li bay tout moun disparisyon Doktè Germain touche.
