18 me se fèt drapo peyi nou, an menm tan tou se fèt lajenès ak inivèsite. Drapo a se senbòl peyi a. Se yon veritab eleman identite nou kòm Ayisyen. Anpil moun k ap fè bèl bagay aletranje, swa nan domèn atistik, swa nan domèn espò, swa nan domèn akademik, eks. yo konn vlope ak drapo Ayisyen an pou fè tout moun konnen yo se Ayisyen, tèlman yo fyè de peyi yo, de drapo yo, de idantite yo kòm Ayisyen.
Si yon moun ap vwayaje nan yon peyi byen lwen kote li ta ka panse ki pa te gen Ayisyen menm, anplis lang Kreyòl ayisyen li ta tande yon moun ap pale, menm si se ta yon kreyòl bouch prenti, lòt siy ki kapab montre li gen Ayisyen la, se lè li ta wè yon moun vlope kò li ak drapo Ayisyen an.
Drapo a reprezante peyi a. Renmen drapo a se renmen Ayiti. Defann drapo a se defann Ayiti. Pare pou mouri pou drapo a se pare pou mouri pou Ayiti. Travay pou lòt nasyon respekte drapo a se travay pou lòt nasyon respekte Ayiti.
Menm jan an tou, si nou kite lòt nasyon ap betize ak Ayiti, se ak drapo a nou kite y ap betize. Si nou pa fè sa ki nesesè pou lòt nasyon respekte Ayiti ak tout Ayisyen andedan peyi a kou deyò peyi a, si nou pa fè anyen pou yo respekte kilti nou, lang kreyòl la, si nou pa fè anyen pou leve diyite pèp ayisyen an devan lòt pèp yo, se drapo a nou kite y ap drive.
Men gen kesyon ki merite poze. Ki Ayisyen jodi a ki fyè pou li leve tèt gade drapo epi pou l ap bat lestomak li? Osinon, ki otorite nan peyi a ki kapab gen kouraj leve tèt gade drapo a epi ki kapab fyè paske li fè yo respekte Ayisyen ak drapo a? Fè yon diskou pa ko vle di anyen. Se ki aksyon ki poze pou rann Ayisyen ak Ayisyèn fyè pou yo pa pè gade okenn lòt pèp nan je.
Jounen jodi a, malgre gen anpil Ayisyen ak Ayisyèn k ap briye nan lemonn ki se yon fyète pou Ayiti ak drapo a, tankou Melchie Dumornay, Louis-Philippe Dalembert, Fabienne Colas, eks, pou tray Ayisyen ak Ayisyèn ap pase andedan kou deyò peyi a se kè sere.
Pa twò lontan, depi kèk jou avan 18 me, se gwo repetisyon majorèt, parad nan tout lekòl, responsab asosyasyon jenès nan legliz, nan eskout, brigad, ki konn ap monte desanm trakase tèt yo pou kapab gentan fè rezèvasyon plaj ak bis pou jounen nan lanmè. Kijan Ayiti kapab tounen yon peyi san lanmè kounye a? Kijan moun pa kapab ale nan plaj Gresye osinon sou Kotdèzakaden an? Jou 18 me a menm, devan tout legliz, lekòl, inivèsite, bis rasanble, kantin manje, bikini. Kisa nou fè ak peyi a? Kisa nou fè ak drapo a? Kisa nou fè ak lavi? Kisa nou fè ak bèl peyi sa a? Kisa nou fè ak bèl plaj sab fen? Kisa nou fè ak lanbi boukannen Maryani? Kisa nou fè ak griyo, bannann peze, mayi boukannen, machann kokoye ole nan kannòt sou plaj, kann kale? Kote peyi nou an? Kijan moun pa ka mache a?
E selebrasyon ofisyèl nan Akayè a? Kijan nan Viladakèy la? Kijan Leta pè a? Kijan CARICOM ba w pouvwa men li pa voye al fete drapo Akayè a?
Kijan tout moun ap tann fòs etranje a? Kote jenn fanm ak jenn gason vanyen peyi d Ayiti ki kapab pote fizi ki p ap fè anyen? Pouki Leta pa kapab leve yon lame pwofesyonèl 50 mil moun omwens ak yon polis djanm? Konbyen tan sa pran pou fòme sòlda?
Lè Larisi atake Ikrèn sa gen pase 2 lane, youn nan premye desizyon Prezidan Zekensky te pran se te entèdi tout gason ki gen 18 a 60 an kite peyi a, paske yo te bezwen yo pou defann peyi yo. Kijan tout moun ap tann Kenya a?
Si fòs militè etranje te konn rezoud pwoblèm ensekirite nan yon peyi, Ayiti se t ap petèt peyi ki t ap gen plis sekirite nan lemonn paske pou okipasyon militè etranje nou pran soti 1994 rive jodi a, nou pa ta fouti nan katchouboumbe sa a.
Men sipoze fòs etranje ta vin okipe tè Papa Dessalines nan vre, yo te mèt ba li tout bèl non, misyon apui…, de ki sistèm jistis y ap depann? Lè yon militè etranje vyole yon Ayisyen oswa yon Ayisyèn, kilès k ap jije li? E lè yo ta ale menm? Peyi a pral tounen nan menm tèt chaje a jiskaske yon lòt fòs entènasyonal retounen ankò? Yo pral pwofesyonalize ak ranfòse lapolis? Kote sa Minustah te pwofesyonalize epi ranfòse a?
Kilè chèf Ayiti ap pran desten peyi an men? Kilè y ap leve figi Ayisyen ak Ayisyèn devan lòt pèp k ap betize avèk nou? Kote espwa timoun yo?
Èske se pou sa zansèt nou yo te goumen pou ban nou peyi sa a? Èske se pou sa yo te kreye drapo nou an? Kilè chèf peyi d Ayiti ap fè Ayisyen ak Ayisyèn rejwenn fyète yo? Kilè y ap fè tout pèp sou latè respekte drapo nou an?
