Yo tenyen solèy pou li pa janm fè jou

Yo tenyen solèy pou li pa janm fè jou. Nan peyi isi yo lote lanmò 3 pou 15. Si w plede y ap ranje l ba ou. Y ap pwonmennen likidasyon, livrezon gratis. Ou pa bezwen deplase, y ap pote l ba ou kote ou ye a.

Marvencia Blémyr, se non zetwal sa a ki etenn jedi 6 fevriye 2025, akoz fènwa ensekirite k ap briye nan peyi a depi twò lontan. Li t ap patisipe nan yon sèvis nan legliz li nan zòn Ba Dèlma lè yon bal mawon vin pran li nan tèt.

Li te gen 17 an, li te elèv NS2 nan Lise Fritz Pierre-Louis. Nan yon nòt lise a pibliye, li fè konnen Marvencia Blémyr se pa te senpman yon elèv briyan men se te nanm klas li. Li te manm kominote klas li, li te toujou pare pou ede lòt moun. Li te renmen mizik ak dans anpil. Li te renmen lavi epi li te pran plezi nan chak efò li t ap fè pou konstwi avni li.

Li te abite nan ri Makajou, youn nan tèritwa ki sou kontwòl gang ame yo, daprè sa nòt lise a presize. Men sa pa te anpeche li ranmase fòs li pou l ale lekòl pou prepare demen li, yon demen yo vòlò nan men li, yon demen li p ap janm wè.

Lise Fritz Pierre-Louis ap poze tèt li kesyon jous kilè sa ap fini. L ap mande konbyen flè konsa ki pou tonbe avan vag vyolans avèg sa a sispann, kijan yon peyi fè ap antere pwòp avni li.

Yon ansyen pwofesè Marvencia Blémyr nan Lekòl Nasyonal Repiblik Brezil kote li te lekòl avan di nou se te yon limyè, yon lespwa, yon elèv pwofesè pa ka pa renmen. Pwofesè sa a ki te apresye li anpil fè nou konnen Marvencia te konn di li : «M ap travay pou ou ka fyè de mwen, m ap travay pou m fè paran m fyè de mwen.»

Men li te rete ri Makajou. Nòt lise a deklare sèl krim li te fè se paske li te vivan. Li te vivan e li te vle kontinye bay lavi koulè, malgre li te oblije rete nan mitan fènwa, li te yon limyè ki t ap briye. Tout moun pa ka deplase. Twòp moun pa gen kote pou y ale.

Yon bal mawon. Yon bal bandi. Petèt. Yon bal Leta k ap tire ak bandi. Petèt. Bal mawon pa gen mèt. Se lapè ki pou retounen pou yo sispann kreve je solèy pou li ka fè jou, anfen.

Description de l'image