Yo jwenn 2 moun mouri nan tren aterisaj yon avyon JetBlue nan Fòtlodèdel

©Mike Segar / REUTERS]

Madi 7 janvye 2025, nan moman yon enspeksyon woutin nan yon avyon konpayi JetBlue ki te soti Nouyòk, mekanisyen yo dekouvri kò 2 moun ki mouri nan konpatiman tren aterisaj aparèy la ki te poze nan Ayewopò Entènasyonal Fòtlodèdel kèk tan avan sa.

Avyon an ki se yon Airbus A320 te soti Nouyòk nan Ayewopò JFK. Pou kounye a, yo pa konnen kijan 2 moun sa yo te fè twouve yo kote yo ye a. Se yon espas kote tanperati a kapab desann nan -50 rive -60 degre Celcius lè avyon an ap vole nan vitès kwazyè li nan wotè 9 000 al 10 000 mèt.

Konpayi a fè konnen se yon sitiyasyon krèvkè, y ap travay ansanm ak otorite yo pou yo ka rive konprann sa ki pase a.

Daprè CBS NEWS, avyon an te soti nan Ayewopò JFK lendi swa a 8 è 20 kote tanperati a te glase epi li te rive Fòtlodèdel a 11 zè 03 avèk kèk minit an reta.

CBS NEW presize tou avyon an te kòmanse jounen li nan Kingston, Jamayik kote li te dekole pou Ayewopò JFK nan Nouyòk, apre sa li te ale Salt Lake City nan Utah avan li te retounen Nouyòk pou vwayaj nan Fòtlodèdel la.

Yo pa konnen si se depi Jamayik 2 moun yo t ap chèche pran yon woulib pou mete yo Etazini, si se depi nan maten an yo te nan avyon an. Se sèl ankèt otorite yo k ap kapab fè limyè sou sikonstans dram sa a.

Description de l'image