Nan seyans jedi 30 oktòb 2025 la, Akademi Fransè desène Gran Pri Woman 2025 la bay Womansyèz ayisyèn Yanick Lahens pou woman li ki rele «Passagères de nuit».
Gran Pri Woman an se yon pri literè ki te kreye nan lane 1914 pou mete jan womanès la an valè, men tou li te parèt kòm yon repons pou pri Akademi Goncourt a ki te kreye an 1903.
Se chak ane Akademi Fransè desène pri sa a pou woman li jije ki te pi bon nan ane a. Gran Pri Woman an tou pratikman louvri bal pri literè fransè yo chak ane.
Gran Pri Woman Yanick Lahens ranpòte a egal yon valè 10 000 ewo. Men se sitou rekonesans pou travay womansyèz la pri ki gen anpil prestij sa a vin konsakre.
Yanick Lahens ki t ap pale ak France Inter deklare se enpòtan pou li paske se yon vwa d Ayiti, se prèv Akademi Fransè a montre li fè yon gran ouvèti.

