Madi 12 novanm 2024 pou rive jous jounen jodi a, vizaj Doktè Deborah Pierre anvayi rezo sosyal yo. Se vant mare. Se yon lòt zetwal yo anpeche file, se yon lòt zetwal yo tenyen pou yo pa janm wè limyè.
Doktè Deborah Pierre se medsen iwològ ki pèdi lavi li anba bal bandi ame vè 5 è nan apremidi nan Ri Cameau jou madi 12 novanm nan. Daprè enfòmasyon k ap sikile, doktè a t al pran kèk materyèl nan klinik papa l nan Ri Cameau a. Se pandan li fin pran materyèl yo epi li pral monte machin li bandi kriminèl ba li yon bal nan tèt. Papa li pran bal tou nan menm okazyon an men li menm li pa mouri, l ap pran swen lopital.
Nan okazyon tèrib sa a, enstitisyon Sakrekè nan Tijo pibliye yon mesaj sou paj Facebook li kote li fè konnen se avèk anpil tristès li aprann desè trajik Doktè Deborah Pierre ki se youn nan ansyen elèv li yo.
Enstitisyon Sakrekè prezize daprè plizyè temwanyaj moun ki te konn kolabore ak Doktè Deborah Pierre, li te gen anpil lanmou pou peyi li epi li te chwazi mete konesans li ak konpetans li nan sèvis peyi sa a. Yo fè konnen tou Doktè Pierre te devwe pou li sèvi pasyan li yo ak tout moun ki te bezwen èd li ak anpil konpasyon.
Depi kèk ane, li entèdi pou zetwal briye nan syèl peyi d Ayiti. Yè se te yon pwofesè, yon etidyan, yon machann, yon bizismann, yon doktè, jodi a se yon lòt doktè. Y ap kontinye tenyen zetwal pou yo pa janm wè klè.

