Vyolèt Atlektik Klèb selebre 106 an egzistans

KF: Paj facebook Violette Atlétic Club (fans)

Klèb foutbòl ayisyen Vyolèt Atlektik Klèb selebre 106 ane depi li egziste nan monn foutbòl ayisyen an jou mèkredi 15 me 2024 la. Jan sitiyasyon an ye nan peyi a, pa gen fèt posib. Men 106 an se pa yon jwèt.

Vyolèt Atlektik Klèb fonde 15 me 1918. Li evolye nan Pòtoprens epi se nan estad Sylvio Cator li konn resevwa match li yo. Li deja ranpòte chanpyona Ayiti 7 fwa, li chanpyon 1 fwa 2èm divizyon, li ranpòte koup d Ayiti 2 fwa,  chanpyona klèb karayibeyen 1 fwa epi li chanpyon koup klèp chanpyon Karayib yo 1 fwa.

Vyolèt Atlektik Klèb, Vye Tig la, te toujou genyen yon gwo rivalite ant li menm ak yon lòt gwo pwa lou nan foutbòl ayisyen an, Resin Klèb Ayisyen, Vye Lyon an, ki evolye nan estad Sylvio Cator nan Pòtoprens tou. Se toujou gwo koze lè gen yon dèbi Resin – Vyolèt nan estad la.

Si sitiyasyon vyolans peyi a ap travèse depi kèk ane kote se moun ak zam ki fè lalwa, sa ki fè boul pa ka woule nan estad Sylvio Cator, foutbòl ayisyen an pa mouri pou sa. Anpil jwè ak jwèz Ayisyen ap montre talan yo nan anpil klèb aletranje. Se konsa Federasyon Ayisèn Foutbòl kontan felisite defansè ayisyen François André Dulysse ki sot chanpyon ak klèb li KS Egnatia Rrogozhinë nan koup Albani. Bò kote medam yo, se firè y ap fè an Ewòp. Melchie Dumornay pral jwe final ligdèchanpyon epi li se yon kandida serye pou vin balon dò FIFA.

Bò kote seleksyon nasyonal yo, yo pa kanpe. Mesye yo pral rantre nan batay nan peyi Babab pou kalifikasyon mondyal FIFA 2026 la kote y ap jwe 2 match, 6 Jen kont Sent-Lisi epi 9 Jen kont Babad. Kanta pou seleksyon medam yo, li pral jwe 2 match amikal ak Ekwatè 31 me kont seleksyon U17 la epi 4 Jen kont seleksyon senyò a.

Tout sa se grenn Vyolèt Atlektik Klèb, dwayen klèb foutbòl ayisyen an, te plante k ap donnen. Bon anivèsè Vyolèt Atlektik Klèb. Kontinye fè drapo foutbòl la flote wo.

Description de l'image