Vyolans nan lekòl : MENFP sispann pèmi kèk dirijan enstitisyon Georges Sylvain nan Senmak

Semèn sa a ankò, yon videyo t ap sikile sou tout rezo sosyal yo ki montre yon mesye nan yon lekòl Senmak k ap maltrete yon elèv fi, bourade li, trennen li atè, joure li, devan lòt elèv parèy li. Videyo sa a te choke tout sosyete a nan pwen pou kèk moun mande tèt yo kijan peyi a fè rive nan sitiyasyon sa a, kijan yon kretyen vivan, menm si li pa te responsab lekòl, kapab twouve li nòmal pou l ap matrete yon kretyen vivan parèy li nan nivo sa a, yon jèn demwazèl anplis.

Sou ka ki pase nan Enstitisyon Georges Sylvain nan Senmak la, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) pa pran tan pou li reyaji. Li pibliye yon kominike kote li anonse li sispann pèmi responsab nan lekòl sa a ki responsab zak vyolans grav sa yo sou elèv la epi li tou anonse l ap pran dispozisyon pou ankadre elèv viktim nan.

Fyète Kreyòl Enfo ap envite nou li kominike ministè a.

21 Me 2024

MENFP sispann pou zak vyolans Pèmi plizyè responsab lekòl Georges Sylvain nan Sen-Mak pandan l ap pote kole ak otorite lajistis nan ka sa a

Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) vle reyafime detèminasyon l pou l konbat zak vyolans anndan lekòl, sou tout fòm. Ministè a raple Lekòl se yon espas kote elèv yo dwe aprann viv nan respè youn pou lòt, ak nan diyite.

Konsa, MENFP ap enfòme piblik la, sitou manm kominote edikatif la, li deside sispann Pèmi pou Dirije, Clément Geffrard Lanier, ki se direktè administratif ‘’Enstitisyon Georges Sylvain ‘’ ki nan Fresino, nan vil Sen-Mak, apre vyolans grav li fè sou yon elèv nan lekòl sa a. Ministè a sispann tou Pèmi pou Dirije Félix Estimé ki se prensipal direktè lekòl la.

Jan sa te fèt nan Nodès, Ministè a pran mezi sila a apre rapò li jwenn ki sòti nan Direksyon Depatmantal Edikasyon Latibonit la ki konfime zak vyolans grav ki fèt sou yon elèv anndan lekòl la, ki nan klas Segondè 2, nan jounen lendi 20 Me 2024 la.

Konpòtman direktè sa a pa respekte okenn prensip nan zafè lekòl, ni sa ki di sou règleman legal sou entèdiksyon chatiman kòporèl anndan lekòl yo.

Nan kad jefò k ap fèt pou garanti pi plis chak jou byennèt eskolè a, ministè a pran tou lòt dispozisyon pou bay timoun sa a ankadreman sikolojik ki nesesè pou evite tout dega nan pakou akademik li.

Gen fòmasyon ki pral kontinye fèt tou pou ede direktè lekòl yo konprann pi byen responsabilite yo nan klima anndan lekòl yo ak byenèt elèv yo, jan sa di nan konvansyon entènasyonal yo ak lalwa nan peyi d Ayiti sou pwoteksyon dwa timoun, ak lòt dokiman Ministè a ki defini règ bon konduit tout pèsonèl lekòl yo dwe respekte toutan.

Ministè a pa p sipann mande popilasyon an, sitou paran yo, pou yo rete vijilan yon fason pou kwape zak vyolans anndan lekòl yo. Konsa, yo ka rele nan Sant Apèl Ministè a pou yo bay doleyans yo e denonse tout zak malonèt nan nimewo telefòn sa yo : 31 26 75 19/47 20 43 75.

Description de l'image