Selon sa RFI rapòte lè li site Komisyon Kenyan pou Dwa Moun (KHCR), represyon manifestasyon kont nouvo taks gouvènman an pwopoze yo fè 23 mò.
Se plizyè dizèn milye moun ki te pran lari a pou pwoteste kont nouvo taks sa yo. Genyen ki te rive antre nan palman an. Lapolis reyaji ak anpil vyolans kont manifestasyon sa yo kote lajenès nan peyi Kenya deside di non yo p ap vale koulèv gouvènman an.
Prezidan William Ruto li menm pran lapawòl kote li fè konnen li bay fòs sekirite yo lòd pou yo mete mwayen disponib pou yo lite konn kriminèl k ap chèche kraze estabilite peyi a.
Bò kote pa li, ansyen Prezidan kenyan ki te vini avan Ruto, Uhuru Kenyatta, fè konnen sa fè li lapèn pou moun ki mouri yo epi li esprime solidarite li avèk pèp kenyan an pandan li mande gouvènman an pou li pa foure koton nan zòrèy li, pou li tande pèp la.
Opozisyon politik la, nan vwa Raila Odinga mande yon dyalòg, pandan li pale de gwo tèt chaje li genyen pou jan y ap fè represyon sou jenès la. Li mande pou yo mete lwa finans la sou kote imedyatman epi pou yo kòmanse yon dyalòg.
Apèl pou manifeste yo pa sispann kont lwa finans la ak kont vyolans fòs lòd yo tou malgre represyon an. Kèk sitwayen deklare : «Fòs lòd yo touye yon bann sitwayen, fòk yo peye pou zak sa yo.»
Jounalis epi militan Hanifa Adan, youn nan prensipal vwa anti gouvènmantal nan peyi Kenya mande pou pèp la pran lari pasifikman. Li pibliye yon mesaj sou X pou li di :
«Tout pouvwa souvren se pou pèp Kenya a. Ou pa kapab touye nou tout. Demen n ap pran lari pasifikman, n ap abiye an blan pou tout frè ak sè nou yo ki tonbe nan konba a. Nou p ap bliye yo.»
Pandan Kenya voye Polisye vin sove Ayiti, lakay li y ap fè represyon sou pèp Kenya a k ap manifeste paske li pa dakò ak ajisman gouvènman li. Lè pèp ayisyen ta leve kanpe pou reklame dwa li pou li viv tankou moun, ki ta pral reyaksyon polisye Kenya sa yo ?
