Vòl : Sitadèl Lafèryè jwenn men sòl pa li

Yon kanon koulèvrin / KF: Fichier:Sainte-Mondane château Fénelon couleuvrine (1).JPG (Vya Wikipédia)

Nan yon mesaj sou X, youn nan Konseye Tranzisyon an, Mesye Fritz Alphonse Jean ki soti nan gran Nò a, montre li mòtifye anpil pou 2 kanon yo rele koulèvrin yo ta vòlè nan Sitadèl Wa Henri Christophe la.

Konseye a di li pa konprann pou youn nan moniman ki plis prestijye peyi a genyen kapab abandone konsa nan yon pwen pou yo rive ap vòlè relik presye sa yo ladan li. Li poze kesyon pou li mande kisa ISPAN (Enstiti pou Sovgade Patrimwàn Nasyonal la) ap fè.

Konseye a ta dwe sonje tou Prezidan Repiblik la gen responsabilite pou li veye pou tout enstitisyon peyi a mache byen. Yon Konsèy 9 moun k ap jwe wòl Prezidan ta dwe gen menm responsabilite a. Si ISPAN osinon nenpòt lòt enstitisyon pa ta fè travay li, premye moun ki ta dwe pote responsabilite a se ta dwe 9 Mann Konsèy Tranzisyon an.

Description de l'image