Vinicius Jr eli meyè jwè ligdèchanpyon UEFA sezon 2023 – 2024

KF: Reyal Madrid sou X

Selon sa UEFA fè konnen, se Vinicius Jr ki meyè jwè ligdèchanpyon sezon 2023 – 2024 la.

Atakan brezilyen an ki genyen sèlman 23 zan te montre tout talan li nan konpetisyon an pandan sezon sa a. Se pa ti mizè li fè defansè yo pase sou lèl goch la lè balon an nan pye li. Li kouri pase yon flonn, li drible byen epi li gen vizyon nan jwèt la.

An total Vinicius Jr make 6 gòl, pami yo youn nan final pou te pèmèt Reyal Madrid bat Dòtmonn 2 – 0, epi li delivre 5 pas gòl nan sezon an. Apre viktwa Reyal Madrid nan pi gwo konpetisyon ewopeyen nan nivo klèb yo, Vinicius Jr te deklare : «Mwen santi m kontan pou m ranpòte yon lòt ligdèchanpyon ak klèb sa a ki te ban mwen tout bagay.»

Yon lòt kote, Jude Bellingham ki se milye tèren Reyal Madrid tou, eli meyè jèn jwè konpetisyon an. jude Bellingham li menm te make 4 gòl epi bay 5 pas gòl nan sezon an.

Finalman, Reyal Madrid pran tout sa ki te genyen pou pran, annatandan balon dò, meyè antrenè, eks.

Description de l'image