Inite Lit Kont Kòripsyon (ULCC) rann piblik, jodi mèkredi 2 oktòb 2024 la, rapò li t ap mennen sou eskandal Bank Nasyonal Kredi (BNC) ki enplike twa Manm Konsèy Tranzisyon an. Nan rapò sa a, enstans k ap travay pou fè prevansyon kont kòripsyon ak konbat fenomèn sa a k ap fin detwi sosyete a mande pou lajistis pousuiv tout moun ki patisipe nan eskandal sa a.
Konsa, ULCC mande pou yo mete aksyon piblik an mouvman kont Smith AUGUSTIN, Emmanuel VERTILAIRE ak Louis Gérald GILLES pou abi fonksyon, grese pat moun, ak kòripsyon pasif, daprè dispozisyon atik 5.5, 5.6 ak 11 lwa 12 mas 2014 sou prevansyon ak represyon kòripsyon.
Li mande tou pou yo mete aksyon piblik an mouvman kont Raoul Pascal PIERRE LOUIS poutèt li anpeche lajistis fè travay li, pou abi fonksyon ak grese pat moun, kòripsyon aktif, sa dispozisyon atik 5.5, 14, 21 lwa 12 mas 2014 sou prevansyon ak represyon koripsyon an prevwa epi pini.
Nan menm sans la, ULCC mande tou pou yo mete aksyon piblik an mouvman kont Lonick LEANDRE poutèt li pwovoke aksyon grese pat moun, sa dispozisyon paragraf 2 nan atik 5.6 lwa 12 mas 2014 ki gen rapò ak prevansyon ak represyon nan koripsyon an prevwa epi pini.
Yon lòt kote, Inite Lit Kont Kòripsyon mande pou otorite lajistis ki gen konpetans pou sa pwodui demann pou yo voye tounen Raoul Pascal PIERRE LOUIS nan peyi a, pou li kapab reponn sa yo repwoche li yo, konfòmeman ak dispozisyon atik XIV Konvansyon Entè Amerikèn Kont Kòripsyon (CICC, 43, 44 ak sa ki vini apre yo nan Konvansyon Nasyonzini Kont Kòripsyon (CNUCC), ak trete ekstradisyon ki genyen ant Etazini ak Ayiti, ak atik 1e lwa 4 desanm 1912 sou ekstradisyon kriminèl ki nan mawon.

