ULCC fè yon desanndelye nan FNE

Enspektè Inite Lit Kont Kòripsyon yo, (ULCC), fè yon desanndelye nan biwo Fon Nasyonal Edikasyon (FNE) jou madi 4 jen 2024 la nan kad yon ankèt ULCC ap mennen sou zak kòripsyon yo ta siyale.

Depi kèk tan, anpil denonsyasyon sou zak kòripsyon ki ta genyen nan FNE sou administrasyon Direktè Jean Ronald Joseph pa manke pa gaye nan laprès. Denonsyatè yo menm pale de 7 milya goud ki ta fè wout kwochi, san konte politik moun pa, kalewès, yo di ki ta genyen nan enstitisyon sa a.

Direktè Jean Ronald Joseph bò kote pa li te denonse yon politik denigreman li di y ap fè sou jesyon li, kòmkwa sa denonsyatè yo di a pa ta kadre ak laverite.

Nan ka sa a, ULCC ki gen pou misyon konbat tout zak kòripsyon nan administrasyon piblik la deside al chèche konnen kote verite a ye.

FNE fè konnen li bay anketè yo tout dosye yo bezwen pou yo kapab fè travay yo epi li pwomèt l ap kontinye kolabore ak yo.

Description de l'image