Transpò aeryen an rekòmanse reprann nan ayewopò Toussaint Louverture

KF: Ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture (vya facebook)

Ti pa ti pa, aktivite yo rekòmanse reprann nan kapital peyi d Ayiti a. Lekòl ki t ap fonksyone an kachèt nan katye kote lekòl posib toujou kòmanse reprann aktivite yo ak ti kras asirans an plis. Timoun rekòmanse ale lekòl ak inifòm.

Pami enstitisyon Ayiti t ap tann pou ki te rekòmanse fonksyone se Ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture. Depi kòmansman mwa mas, peyi a te izole, avyon pa te vole, eksepte Sunrise Airways ki te vole nan ayewopò Okap ayisyen an ki te ka pèmèt yon Ayisyen kite peyi a.

Kit se pou rezon medikal, kit se pou biznis, kit se pou etid, eks., tout moun te bloke. Non sèlman Ayisyen andedan pa te ka soti men tou gen yon bann Ayisyen ki te bloke deyò depi 3 mwa ki pa te kapab rantre nan peyi yo.

Menm si Sunrise Airways te reprann tout vòl li yo nan Pòtoprens, konpayi etranje yo pa ko deside retounen bay sèvis. Men Sunrise Airways ki se yon konpayi lokal te reprann tout vòl li yo k ap soti oswa k ap vini nan Ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture a. Sunrise Airways te fè premye vòl li lendi 20 me a soti Pòtoprens pou ale Mayami. Konpayi entènasyonal yo t ap plede ranvwaye dat retou pa yo epi yo te fè konnen kondisyon sekirite yo pa te ko retabli pou yo te retounen.

Finalman, se gwo lespwa ki jèmen lè youn nan gwo pwa lou nan kesyon transpò aeryen an Ayiti ateri nan ayewopò Toussaint Louverture a avèk pasaje. Se American Airlines ki rantre jedi 30 me a. Se gwo kè kontan pou tout pasaje, pandan y ap espere retou American Airlines la ap rale dèyè li tout lòt konpayi yo tankou JetBlue, Spirit, Air Caraïbes ak Air Transat.

Description de l'image