To referans Bank Repiblik d Ayiti kalkile pou samdi 11 janvye 2025 la se : 130,2143 goud pou 1 dola ameriken.
Sou mache enfòmèl la dola a te achte a 130,4000 goud epi li te revann a 134,4000 goud.
Sou mache bankè a yo te achte li a 130,0905 goud epi yo te revann li a 131,0146 goud.
Se sou baz tranzaksyon ak operasyon achte dola ki fèt lavèy sou mache chanj la BRH kalkile to referans la.
Lòt deviz :
Ewo a te achte a 134,1771 goud epi li te revann a 135,0261 goud.
Dola kanadyen an te achte a 90,4960 goud epi li te revann a 91,0686 goud.
Peso dominiken an te achte a 2,1224 goud epi li te revann a 2,1358 goud.
