To referans Bank Repiblik d Ayiti kalkile pou jedi 28 novanm 2024 la se : 130,7144 goud pou 1 dola ameriken.
Sou mache enfòmèl la dola a te achte a 131 goud epi li te revann a 135 goud.
Sou mache bankè a yo te achte li a 130,5239 goud epi yo te revann li a 131,6853 goud.
Se sou baz tranzaksyon ak operasyon achte dola ki fèt lavèy sou mache chanj la BRH kalkile to referans la.
Lòt deviz :
Ewo a te achte a 137,1391 goud epi li te revann a 138,1661 goud.
Dola kanadyen an te achte a 93,0309 goud epi li te revann a 93,7276 goud.
Peso dominiken an te achte a 2,1676 goud epi li revann a 2,1838 goud.

