To referans Bank Repiblik d Ayiti kalkile pou jedi 16 janvye 2025 la se : 130,1988 goud pou 1 dola ameriken.
Sou mache enfòmèl la dola a te achte a 130,4000 goud epi li te revann a 134,4000 goud.
Sou mache bankè a yo te achte li a 130,0647 goud epi yo te revann li a 131,1427 goud.
Se sou baz tranzaksyon ak operasyon achte dola ki fèt lavèy sou mache chanj la BRH kalkile to referans la.
Lòt deviz :
Ewo a te achte a 134,2489 goud epi li te revann a 135,1273 goud.
Dola kanadyen an te achte a 90,7642 goud epi li te revann a 91,3581 goud.
Peso dominiken an te achte a 2,1227 goud epi li te revann a 2,1365 goud.
