Timoun nan lagè : Nasyonzini ajoute Izrayèl ak Amas sou lis lawont li a

KF: Hollander/UPI/Newscom/Sipa / Sipa(vya 20 Minutes)

Selon sa Le Point rapòte, yo pral ajoute lame Izrayèl la nan lis lawont ONU sou dwa timoun yo nan lagè. Amas ap sou lis sa a tou, men Palestinyen yo bat bravo pou desizyon sa a.

Se chak ane Konsèy sekirite a mande Sekretè Jeneral Nasyonzini an pou li pibliye yon rapò ki retrase vyolasyon timoun nan anviwon ven zòn ki gen lagè nan lemonn, epi pou li bay lis responsab vyolasyon sa yo. Vyolasyon sa yo genyen ladan yo timoun yo touye, sa yo estwopye, sa yo rekrite oswa sa yo vyole.

Se 18 jen lis sa a ap pibliye men Gilad Erdan ki se Anbasadè Izrayèl, li prese pran devan jodi vandredi a lè li fè konnen kabinè Sekretè Jeneral la, Antonio Gutteres, anonse li yo mete lame Izrayèl sou lis la.

Izrayèl pa kontan desizyon sa a ditou. Anbasadè Erdan di sou X se yon desizyon imoral ki ranfòse teworis ak Amas.

Bò kote pa li, Premye Minis Izrayèl la, Benjamin Netanyahou, fè konnen Fòs Lame Izrayèl yo se lame ki pi moral ki gen nan lemonn, pa gen okenn desizyon k ap vin chanje sa. Li fè konprann se Nasyonzini ki mete tèt li sou lis nwa listwa. «Jodi a Nasyonzini mete tèt li sou lis nwa listwa.» daprè sa li deklare.

Yon lòt kote, Riyad Mansour ki se Anbasadè Palestin nan Nasyonzini, li bat bravo pour desizyon an epi li deklare : « Sa p ap fè nou rejwenn pil milye timoun nou yo, men se yon bon pa an avan.»

Description de l'image