Timoun Ayiti yo bezwen sekirite, soutyen ak yon anviwònman estab prese prese

KF: Rci.fm

Nan okazyon 9 jen an ki se Jounen Nasyonal Timoun Ayisyen yo, Mesye Bruno Maes ki se Reprezantan UNICEF pibliye yon mesaj videyo kote li souliye tout tèt chaje timoun ayisyen yo ap viv nan moman sa yo, nan yon klima vyolans avèg jeneral k ap toumante sosyete ayisyèn nan. Li tou lanse yon apèl pou tout moun potekole pou ofri timoun ayisyen yo yon pi bon demen.

Nan Jounen Timoun Ayisyen sa a, an nou bay tèt nou tan pou nou gade kisa timoun ayisyen yo ap viv chak jou. Nan dènye semèn sa yo, nan dènye mwa sa yo, nan dènye ane sa yo, timoun yo ak fanmi yo an Ayiti sibi gwo zak vyolans brital ki pa janm sispann. Chak jou pote yon nouvèl lo tèrè. Gen timoun ki fèt epi k ap grandi nan moman sa a menm nan kan deplase. Prèske 600 000 moun deplase, akoz vyolans gwoup ame yo, pifò nan moun sa yo se fanm ak timoun.

Fanmi yo vin pi pòv nan tout depatman yo. Lavi chè a ki ogmante a gen gwo gwo konsekans sou fanmi yo ki vin gen plis difikilte chak jou pou yo fè depans ki pi esansyèl yo pou timoun yo kapab viv epi devlope. Ensekirite alimantè  k ap vale tèren an touche prèske mwatye nan popilasyon ayisyèn nan ki gen anpil pwoblèm pou yo bay fanmi yo manje.Kantite timoun ki gen mwens pase 5 an k ap soufri malnitrisyon sevè ogmante nan prèske 20% ane sa a. Se timoun Pòtoprens yo ak sa nan Latibonit yo ki plis viktim malnitrisyon sa a.Paran yo ap fè fas ak pi gwo defi chak jou pou kontinye pèmèt timoun yo jwenn edikasyon, osinon pou yo gen aksè a bon jan swen sante ki tèlman presye pou lavi timoun yo.

UNICEF gen anpil kè sere lè l ap gade sitiyasyon an sou tèren an. Prèske 3 milyon timoun, kantite yo pa te janm wè avan sa, bezwen asistans imanitè, alòske Ayisyen yo ak Ayisyèn yo kontinye fè fas ak abi, vyolans ak menas ki pi tèrib yo pa te janm konn wè avan nan istwa yo.

Timoun Ayiti yo pa kapab ankò tèlman yo bezwen sekirite, pwoteksyon ak estabilite. Sitiyasyon sekirite a ki degrade rapid la fè gen anpil fanmi ak timoun ki late de bra balan, san sekou, ni yo pa ka jwenn sèvis esansyèl yo.

Jodi a Ayiti nan yon kafou kritik nan istwa li. Plis pase tout lè, nou dwe rete solidè epi nou dwe mobilize pou nou mete dwa timoun yo avan tout bagay. Sa vle di pou nou garanti sekirite yo, pwoteksyon yo, dwa pou yo jwenn edikasyon, men tou pou yo jwenn swen sante, pou yo jwenn manje kòmdadwa.

Li lè pou lespwa ranplase kè kase. Se chak jou pou aksyon nou yo ap montre angajman nou anvè timoun yo. Li lè pou nou mete dwa timoun yo nan pwogram politik Ayiti jounen jodi a. 

UNICEF pwofite jounen sa a pou li mande :

– Pou gen gwo jefò ki pou fèt pou pwoteje sivil yo epi pou garanti yon aksè imanitè dirab an Ayiti.

– Pou gen plis finansman san pèdi tan epi ki fleksib pou yo kapab reponn bezwen moun ki pi vilnerab yo, epi pou yo founi sèvis fondamental ak esansyèl, tankou sèvis sante, bay manje, edikasyon ak pwoteksyon.

– Pou pwoteje lekòl yo, pwoteje lopital yo, ak lòt enfrastrikti kritik timoun yo depann de yo, ansanm ak konsèvasyon espas imanitè yo.

An Ayiti se pa sèl UNICEF k ap defann dwa timoun yo. Konvansyon ki gen rapò ak dwa timoun yo kapab konte sou anpil defansè, òganizasyon, enstitisyon ak moun, menm sou timoun yo yo menm. Plis yo anpil, se plis gen chans pou ideyal sa a yo te dekri depi 35 lane a kapab tounen yon reyalite pou chak timoun peyi d Ayiti.

Lespwa pou chak timoun !

Description de l'image