Teknoloji, lang kreyòl, kilti kreyòl : ki enpak ?

Fakilte Lengwistik Aplike nan Inivèsitè d Eta d Ayiti ki se prensipal enstitisyon akademik ki angaje nan travay pou lang kreyòl la jwenn vrè plas li nan peyi a depi prèske yon demi syèk deja lanse aktivite pou make selebresyon Jounen Entènasyonal Lang ak Kilti Kreyòl pou 28 oktòb 2025 la.

Pawòl la di se pou chèche dlo mete nan kannari ou tann lè w swaf. Nan sans sa a, Fakilte Lengwistik Aplike pa rete tann dènye moman. Anba direksyon Visdwayen Rechèch tou nèf Mesye Nelson Martineau, Komite Jesyon Kreyolofoni an planifye yon seri atelye deba sou diferan tèm, ki gen pou dewoule soti nan mwa jen 2025 la jous rive 28 oktòb, anba tèm : Lang ak Kilti Kreyòl : Pwogrė, Potansyėl, Nouvo Péspektiv.

Se nan sans sa a, yon premye atelye ki pral konsidere enpak teknoloji sou lang ak kilti kreyòl pral dewoule madi 10 Jen 2025 la soti 10 zè nan maten pou bout jiska 2 zè apremidi. Moun k ap gen pou anime atelye sa a se Mesye Bruny Mabien ki se Pwofesè Matematik ak Enfòmatisyen.

Tèm prensipal atelye a se : Enpak Teknoloji sou Lang ak Kilti Kreyol. Pwofesè Mabien pral gen posibilite abòde dijitalizasyon lang kreyòl ak kontribisyon li nan entēlijans atifisyèl (Al). Diskisyon yo pral chita prensipalman sou :

1. Dijitalizasyon : itilizasyon kreyòl nan teknoloji (tradiksyon machin, aplikasyon mobil, elatriye) pou fasilite aksė itilizatè yo ;

2. Entèlijans Atifisyèl : wòl syans langaj kreyòl nan devlopman modėl Al ki ka amelyore kominikasyon miltileng.

Fakilte Lengwistik Aplike envite tout moun patisipe nan atelye sa a apati platfòm Google meet sou lyen sa a :

https://meet.google.com/fsh-bymr-qya

Tout moun ankouraje pou vin patisipe, vin brase lide epi kontribiye pou avni lang kreyòl nan teknoloji modèn.

Description de l'image