Depi jedi Lachin kòmanse yon seri mannèv militè kote li ansèkle Taywann. Lame chinwa a ap fè mannèv sa yo ak bato de gè, avyon chas pou evalye kapasite Lachin pou pran pouvwa a sou zile Taywann nan daprè sa Peken te fè konnen.
Prezidan taywanè a, Lai Ching-te, ki fèk prete sèman lendi a te deklare Taywann pare pou li defann valè libète ak demokrasi epi li t ap kanpe ansanm ak lame a pou defann sekirite nasyonal la.
Nan sans sa a, Taywann ki vle montre Lachin li pa yon ti poul li kapab annik vin fè dap piyanp sou li, li fè avyon lagè F-16 li yo dekole pou sizoka pa ka. Nan yon kominike, ministè defans taywanè a fè konnen fòs lame taywanè yo mobilize pou suiv fòs chinwa yo, pandan li montre foto avyon F-16 ki ame ak misil k ap fè patwouy nan syèl la.
Ministè a fè konnen li te detekte 49 avyon lagè chinwa, 19 bato lamarin ak 7 bato gadkot. Nan avyon yo, te genyen ki te franchi liy mitan detwa ki te konn sèvi kòm fwontyè ki pa te ofisyèl, menm si Lachin pa te rekonèt li.
US Navy ki se lamarin amerikèn fè konnen li pran sitiyasyon an trè serye epi l ap siveye tout aktivite nan zòn endopasifik la.
Lachin konsidere Taywann tankou yon pwovens rebèl epi li pa janm ekate posibilite pou li ta itilize lafòs pou li reprann kontwòl li.
