Direksyon Pwoteksyon Sivil siyale yon gwoup moun koupe wout la nan komin Mowon, pandan depatman Grandans anba alèt siklòn. Sitiyasyon sa a lakoz sikilasyon prèske enposib pou ale nan komin Lèziwa, Ansdèno, Dam Mari, Chanbelan ak sant vil Mowon.
Direksyon Pwoteksyon Sivil la fè presize teknisyen Ministè Travo Piblik yo ap fè dilijans pou retabli sikilasyon an. Poutèt sa li mande moun k ap pase nan zòn nan nan machin pou yo rete enfòme pou yo ka konnen kòman sitiyasyon an evolye.
Yon lòt kote, Direksyon Pwoteksyon Sivil la fè konnen depatman Sid, Sidès, Grandans, Nip, ak Lwès anba menas lapli, rafal van, ak gwo ris pou ta gen inondasyon bridsoukou, glismann tè ak deboulonnay tè. Fenomèn sa yo, se kèk nan konsekans pasaj tanpèt twopikal Mélissa ka pote, daprè presizyon Direksyon Pwoteksyon Sivil la.

Li fè konnen tou Mélissa ka tounen ouragan demen samdi a. Se pou sa Inite idwometeyowolojik Ayiti kenbe vijilans oranj sou peyi a, espesyalman sou Gran Sid ak depatman Lwès.

