Daprè premye rapò Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil mete deyò sou pasaj tanpèt twopikal Mélissa sou peyi a, deja genyen yon moun mouri ak 5 blese. Moun ki mouri a se yon moun ki nan 70 zan yo ki pèdi lavi li akoz yon pyebwa ki tonbe nan Marigo. 5 moun ki blese yo se akoz inondasyon nan Gonayiv.
Tanpèt twopikal Mélissa toujou reprezante gwo menas pou peyi d Ayiti, espesyalman pou depatman Lwès, Sid, Sidès, Grandans ak Ba Plato Santral. Nan sans sa a, Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil mande popilasyon an fè anpil pridans. Prekosyon pa kapon !
Mèkredi, Mélissa t ap mache tèlman lan, se tankou yon moun k ap fè yon ti flann. Sa lakoz espesyalis yo pa te ka fin detekte kisa ki dèyè tèt li tout bon. Men jan l ap mache a fè moun pi pè li toujou paske li riske kanpe sou tèt peyi a epi vide yon kantite lapli ki kapab koze gwo gwo dega.
Deja, Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil, nan tèt kole ak Sistèm nasyonal k ap jere ris ak dezas yo, plase depatman Lwès, Sid, Nip ak Grandans sou vijilans oranj, epi li mande popilasyon an, sitou sa yo k ap viv nan zòn malè pandye yo, pou yo rete vijilan epi suiv konsiy sa yo :
1. Si zòn ou rete a konn gen deboulonnay tè ak glisman tè, chèche yon kote ki lwen danje pou abrite ou ansanm ak fanmi ou.
2. Pa jan m janbe dlo k ap desann ni apye, ni sou bekàn, ni sou bèt, ni nan machin, ni sou moto.
2. Fè solidarite ak sa ki pi fèb yo : granmoun, moun ki gen andikap fizik ak timoun yo.
3. Mete zafè w ak papye enpòtan w yo an sekirite.
4. Toujou suiv bilten meteyo ak konsiy otorite yo, pa koute rimè.


