SPNH-17 denonse swen sante polisye yo pa ka jwenn

Sendika Lapolis Nasyonal d Ayiti a (SPNH-17) mande lopital pou polisye yo ki pa ka jwenn swen ka yo nesesite lè yo bezwen sa. Li denonse absans swen sante pou polisye yo nan lopital leta kou prive.

Sendika a fè konnen yon polisye Direksyon Sikilasyon ak Polis Woutyè ki rele Beljaques Rosemond ki pran bal pa rive jwenn swen nan Lopital lapè lote li te rive depi 6 zè 30 madi 14 janvye a. Soti nan lè sa a rive jiska 8 è 30, polisye blese a pa te jwenn doktè malgre li t ap pèdi anpil san.

SPNH-17 kalifye sitiyasyon sa a kòm yon neglijans grav epi li you mande otorite peyi yo pou yo fè bit mete yon lopital espesyal pou polisye yo.

Sendika a deklare polisye yo pa ka kontinye ap mouri pou mank swen, pandan asirans OFATMA ak sistèm sante piblik yo montre feblès yo. Li egzije pou yon solisyon kòrèk jwenn tousuit.

Description de l'image