SPNH-17 denonse konfli BSAP ak PNH nan Laskahobas ki fè anpil dega

Sendika Lapolis Nasyonal d Ayiti a (SPNH-17) denonse yon konfli grav ant Brigad Sekirite Zòn Pwoteje yo (BSAP) ak Lapolis nan Lascahobas ki lakoz anpil dega.

Sendika a souliye BSAP te kreye pou pwoteje patrimwàn anviwònmantal peyi a, fè respekte règ anviwònman ak sipèvize pwoteksyon resous natirèl yo. Sepandan, BSAP pa gen okenn otorizasyon pou fè kontwòl wout, fouye machin, oswa arete moun.

SPNH-17 pwofite mande otorite peyi yo pou defini klèman  limit atribisyon BSAP yo, nan respè misyon chak enstitisyon, pandan li presize se lè tout sektè respekte fonksyon yo nou ka lite ansanm kont ensekirite ak bati yon Ayiti miyò.

N ap souliye enfòmasyon k ap sikile sou rezo sosyal yo fè konnen batiman baz BSAP la nan Laskahobas boule nèt jodi lendi 30 desanm 2024 la. Sitiyasyon sa a ta rive akoz yon ajan BSAP ta kanpe yon polisye an sivil ki te gen zam pou mande l idantifye li. Kòm polisye a pa te vle obeyi, ajan BSAP yo ta sanble woule l anba baton.

Se konsa 2 kò yo ta va toke kòn yo jiskaske yo ta pral pike dife nan baz BSAP la. Mete sou sa, ta genyen 4 moun ki ta pran bal, pami yo 2 jounalis, epi 2 machin ki ta pase anba flanm dife.

Kèk medya fè konnen se ta manm popilasyon an ki ta move pou baton yo bay polisye a ki ta sakaje baz BSAP la epi pike dife nan 2 machin kò sa a te konn itilize avan yo ta chase ajan BSAP yo nan Laskahobas.

Description de l'image