Sendika Lapolis Nasyonal d Ayiti (SPNH-17) denonse sa li rele vòl òganize ak kòripsyon kont polisye yo. Sendika a denonse pèman 6 mwa sou 4 lane aryere Leta dwe polisye ki te pran pwomosyon depi 2020. Li mande gwo otorite Lapolis yo, espesyalman Direktè Jeneral la, Mesye Rameau Normil, pou yo defann polisye yo pou yo kapab peye yo tout aryere yo.
SPNH-17 rele aba kòripsyon pandan li mande pou yo sispann fè vanyan polisye yo viktim sistèm nan pi plis.
Bò kote pa li, Sendika Nasyonal Polisye Ayisyen yo (SYNAPOHA), denonse konpòtman Finans nan pèman aryere grad Polisye yo. Li presize yo dwe polisye yo plis pase 50 mwa e se sèlman 10 mwa yo ba yo, sa ki reprezante yon pitans, daprè SYNAPOHA.
Sendika a mande Finans pou l peye polisye yo rès aryere grad yo.

