Yon ti efò an plis pase Beliz ki te voye 2 sòlda, Bahamas voye 6 sòlda vin deplwaye nan peyi Dessalines nan, nan kad misyon miltinasyonal yo di ki vin apiye sekirite an Ayiti a.
Sòlda sa yo debake nan Ayewopò Guy Malary ki nan Klèsin, komin Taba, jou vandredi 18 oktòb 2024 la.
Yon evènman eksepsyonèl konsa te nesesite pou Direktè Kabinè Direktè Jeneral a.i. Lapolis Nasyonal d Ayiti a, Enspektè Jeneral Smith Péyo te deplase al akeyi echantiyon lame Bahamas sa a ki vin potekole pou sove Ayiti. Enspektè Jeneral Smith Péyo te genyen ansanm avèk li Pòtpawòl Lapolis la, Komisè Divizyonè Michel-Ange Louis Jeune, nan okazyon sa a.
Ti pa ti pa, pwoblèm Ayiti ap rezoud. Lapolis Nasyonal d Ayiti fè konnen sòlda Bahamas sa yo ki rive nan peyi a se yon etap enpòtan ki pral pèmèt yo ranfòse operasyon yo ki gen pou objektif konbat gran banditis la nan peyi a.

